Mwen anvi
M anvi li liv, e koute Nèg ki Pa kolonize yo.
M anvi koute jounal, Jounalis ki pa souflantchou yo.
M anvi wè yon opozisyon k ap defann pèp. se pa pou pouvwa.
M anvi wè yon gouvenman k ap dirije san fòs kote. Se pa sak sousou yo.
M anvi wè yon jenès ankadre, diplome, pa selman fè n kwè nan bwè kleren.
M anvi wè yon lòt politik. Se pa sa k ap mete nou menm anfas nou menm lan.
M anvi wè yon lòt lekòl pou yon lòt edikasyon. Se pa sak ap aprann nou restavèg la.
M anvi wè yon revolisyon pou yon lòt Ayiti.
Mwen anvi, m anvi wè
A. Georbens ✍🏾 J&L/la relève 📚
@TikozeLimyè
Aucun commentaire:
Publier un commentaire