mercredi 29 mai 2019

Jounen san solèy

Douvan jou kriye
Lapli tonbe
Kòk bliye
Chante
Solèy refize leve
Pwojè jounen
Pran rout pou al flannen
Devan pòt madan blengendeng
Lè kontinye mache
Se yon lòt vennkatrè
Ki pwal chavire

A. Georbens / Jby ✍
La relève / J&L 📚
Ti koze Limyè 💡

Si w te gen kòb

Eske se t ap mwen?
Souvan se ak kesyon sa
M vle jwenn yon repons
M ekri w ak je m
Sou tout kote m fikse
Dekri w ak dlo je m
Lè m pa jwenn plim
E m pa jwenn lank
M sèvi ak dwèt rive jis nan zong
Non, m pa kyè pou sanm koule
Pou ini nou de (2)
De (2) dwèt yo sou menm paj
yo gen menm laj
Men pa menm wotè
M p ap chache komantè
Men reponn mwen ak kè
Di m si w te gen kòb
Eske se t ap mwen?
M santi nan yon dezè
Ti gout lanmou w
M vle tonbe nan kè m
Tankou gout dlo
Lè swaf vle kase gòj mwen
Di m bèl ti pawòl Sik sèl
E menm vire lòlòj mwen
Fè m konn egzistans mwen
K ap viv nan yon lòt mwen ...

A. Georbens / Jby ✍
La relève / J&L 📚
Ti koze Limyè 💡

M renmen w

Chak batman kè m
M anvi di w jetèm
M renmen w ou mèt kwè m
San ou m pral gen pwoblèm

Ou fè m damou
Damou fou
L ap plis dejou anjou
Lè m wè w ti kè m kagou
M vin tankou yon joujou

Waw!!

lanmou w sele m tankou yon lwa
Fè m konpòte m kon ti wa
Met kè m anndan tiwa w
Mizik prefere m se ti vwaw

M te konn ba w mo yo an parabòl
Solèy midi m vle w pran m pou parasòl
M pa pale ching chong, anglè ni panyòl
M ekri w nan yon bèl lang ki se kreyòl

Yon ti fraz m repete san sès
M renmen w bèl Nègès❤😘

A. Georbens / Jby✍
La relève / J&L 📚
Tikoze Limyè 💡

jeudi 14 mars 2019

Lanmou pa mechan

Lanmou pa mechan.




Depi nan kreyasyon bib la di Bondye te fè nou ak imaj li se menm rezon sa a ki fè nou eritye de lanmou li gen nan li a, pliske nou se reflè li. Nou genyen pasyon  nan nou ki pral fè lanmou nou plis konplike, nou atache plis e desepsyon nou plis, Bondye lage nou ak lib abit nou twò posesif pou n kite sa n renmen yo viv jan yo vle. Sa koz yon kout dlo cho yon kout dlo frèt.



Sou twa (3) lanne renmen m ta pral twouve m nan obligasyon kote m  bay lanmou yon chay pote.
M  te gen yon vi ki bèl ak mennaj mwen se tout jounen pou nap tèks, pataje ti mizik damou nou san kanpe. Nou pat ret tro lwen, di (10) goud taksi te kont pou pase anvi wè nou, mte tèlman kotwaye bonè ak li, m te arive panse se  nou de a selman kite gen bèl lanmou sa nan mond reyèl lan,  nou tap viv yon lanmou tankou sa n konn wè nan sinema yo.
 Li te toujou di m se mwen ki ka  aji sou rit kè l, fè l bat pi fò lè li vle. Bèl pwomès san rete,  zwazo yo pat rete endiferan yo te  konn chante sa plis ke love pou nou.

Tande mizik souvan pou n dekouvri bèl mo  pou anrichi vokabilè lanmou nou.

Mte bay tèt mwen  misyon  pou anpeche dlo koule nan je l, m pap ba n manti m te reve wè n ap antre legliz  men nan men  pou n al di pastè wi <<je le veux>>. Li se sèl ki te bay manje m gou. Britsoukou li te vin chanje e ap dekòde tout sa m tap kòde.



Aprè kèk tan ki pase mennaj mwen te vin biza, lanmou l pou mwen vin ra.  Li pat gen tan pou n blage, pou n wè e pou n menm planifye ankò.

 Mte met bwa sou kè m pou kesyone l, li di m sa ap chanje se jis yon ti peryòd difisil. Rezon ki pat rive konvenk mwen, mte oblije  pèsiste l, li deside avwe m li santi lanmou ap pèdi pwisans pou m men lap eseye chache yon solisyon.

 Kòm mwen ki te kouvri anba lonbraj li mwen jis dakò tounen pwason e woule nan farin li an. Map chèche solisyon, pandan andan problèm lan gen plis problèm kache, aprè yon tan m vin pa trò byen menm se laa m komanse resanti tout feblès m gen pou li.
Ou pako janm konn si w renmen vreman tout tan absans li pako fwete w.

An fevriye 2013 ki ta pral fè nou egzatemanm de (2) lanne renmen.



Nan pèdi nwit paka jwenn somèy ap panse ak bèl moman n pase. M te vin ap pale lanmou mal, m te  twouve  trèt, li banm bon devan apre l chavire m fas atè,  pouki se konsa sa pase ? pouki Bondye te mete yon bagay konsa ? Mhmm! lè yon vanpi mòde yon moun li voye l al kreye plis vanpi.

Nan chèche gen kontwò lòt fi jis pou m fè sèvi m doktè ki pou panse blesi l kite yo, mwen fini pa blese tout sa k sou wout mwen paske m brize.

 La ! M vin gen yon randevou ak Kama. M vin jwenn yon demwazèl ki te parèt kòm yon bon jwez ki ta vle  ranplase sipèsta ekip mwen an pèdi a. Domaj. Yon jou li deside ekri m.



- Bonjou Jby !



-M reponn bonjou.



- Se Jowann, koman w ye



Jowann se konsa l rele.



-  M wè sa wi. M byen e ou menm ?



- Li reponn mwen pa byen. Koz absans ou pa fè m byen ditou.



- Se vre? Hmm!! Tèt chaje.



Se lè a li deside vin eskize l de erè l te fè yo.



- Li di: M pa konn kijan w pral konprann sa, m deja santi m koupab men mwen merite padon paske m pat aji a pwòp mwen menm. Mwen tou m soufri de sa.



- Men kisa ki te pase w menm kifè w te aji konsa.



- Li di: anyen se jis m rete mwen wè te pèdi nan pèfomans lanmou m te gen pou ou an. Men pou kounya m estime se ou ki fèt pou m vrèman.



Fè sanblan sa te fè l mal e li regrèt ke l te aji konsa li menm tou absans mwen toumante l.
 Anmède l  pou l di m kisa li te gen li di m anyen. Pa rapò a feblès m te gen pou li m padone l epi nan kè m di sa ka rive li te santi malèz la.



Aprè 11 mwa pandan fèt fen dane epi m toujou fè l ti kado aprè seyans kado nou pase yon jounen ap fè bèl vi, se te pou m yon pi bon jou, jou nou tout tap tann paske li te vin al rete nan yon zòn pi lwen lakay nou t vin gen difikilte pou nou wè. Se ta pral dènye moman nou pase ansanm. Apre li ale kote l te soti a se la li pral komanse ak menm istwa a ki anpire.



M di l:

- Manmi cheri m nou komanse gran se moman poun planifye li ye nou paka nan jwèt kite tounen.



- Wi se vre. Li reponn mwen senp.



- Kisa ki koz ou konsa avè m di m pou m chanje sa nan mwen cherie?



- Li reponn Ou pa merite chanje anyen.



- Eske w santi jan nou vin ye a bon ?



- Li di m non. menm gen yon lòt mennaj.



Se ak yon kranp nan kè m te di l m kontan pou nouvo chwa li fè an deja mwen swete l siksè, li te reponn mwen pou l di m:


- Mèsi ! Mhm Ou pa merite tout sa men pafwa mwen santi m vle fè lòt eksperyans.



Si m renmen l vre mwen oblije kite l fè chwa l. Menm jan Dfi di << Lè w fè vi w nan kaj ou ka panse vole son krim >>. Si m te vle fè bonè l li pa rive jwenn li nan mwen, m sipoze kontan li jwenn li nan yon lòt.



Se la m pral eseye poze tèt mwen kesyon kisa m fè l? menm ke m ta gen tò, pouki se ranplase li ranplase m san poze m kesyon ? Eske m ap jwenn yon lòt mwen renmen tankou l?
Pafwa ou dwe pran yon desizyon kap fè w soufri jis pou w sispann soufri.

 M pa twò renmen rakonte zanmi ti koze m men, kesyon sa te di anpil pou m te vale, koze yo ret ap blese m nan kè m pou jis yon lè lespri m vin banm repons saa.



Se pa mechan si gen 2  zoranj nan yon panyen youn pouri ladan l yon vòlè pase li pran sak pouri an, se sove li sove l de gate l ta pral gate tou.


L'amour n'est pas fait pour nous rendre heureux. Je crois qu'il est fait pour nous révéler dans quelle mesure nous avons la force de souffrir et de supporter.


Lanmou pa mechan pafwa li epanye w de vye relasyon ou te genyen an li jis sove w paske pita pi tris.



Aprè tout dispit kite tounen nou konnen m deside ekri pati saa pou di l, li lib pou fè lòt esperyans yo. Yon eksperyans ki pral pèmèt li konnen kiyès li te renmen tout bon pou yon bon relasyon. Nou gen plis pase twa (3) lanne ansanm ki gwo kritik mwem ka ba l se yon mèsi li ta dwe ye.
Mèsi paske w te aprann mwen renmen, mèsi paske l montre m fòs lanmou. M te gen moman m te vle di w ale men gen mak ki te nan kè m pako janm ka geri si m renmen ou, mwen oblije kite w lib pou viv nouvo lanmou w.
Mèsi paske w te asepte m pase yon ti tan ap aprann nan de ou.


Moun ki ekri tèks la : Augustin Georbens

mercredi 2 janvier 2019

Planifye vi w

Senk konsèy pou ane 2019 la pi bèl pou ou.

1. Pran yon kaye pou komanse ekri rèv ou yo.

2. Fikse kèk nan yo pou reyalize pandan 2019 la.

3. Pa fè lis la anpil pou w ka gentan reyalize yo.

4. Toujou mèt yon espri travay en ekip pou w ka reyalize pwojè yo.

5. Panse ak sak te fè w pat rive ranpli pwojè 2018 yo pou 2019 la ka yon lòt.

Augustin Georbens/ YJ ✍
J&L/La relève 📚
    Tikoze Limyè💡