• Koman w ka fè zanmi ?
• Eske li se zanmi w ?
• Eske vrè zammi egziste (wi / non) ?
• Kijan yon moun ka konn vrè an ?
• Pouki w dwe fè zanmi ?
• Kiyès ki dwe zanmi w ?
Pou m poze sa yo sèlman ...
Mwen p ap fè tròp rale sou tout kesyon poze yo. M ap kite n, pou nou fe komantè pa nou de yo.
Jan *James Junior Ophin* te di l nan liv ( Chemen sajès. Paj12 #2 )
<<Yon bon zanmi se yon moun ki ka entèprete tout rega w yo, konprann tout silans ou yo, padone erè ou yo, pataje emosyon ou yo, proteje sekrè ou yo, prevni ou de tout chit pou envite ou tonbe e seche dlo nan zye ou.>>
Kesyon m ap poze w, moun w ap pale tout tan an. Eske l se zanmi w ?
Nou di souvan yon zanmi se tankou de je nan Tèt, sa vle di yon zanmi la pou klere pa ou ap fè yo. Ebyen si se konsa, pou konnen li se zanmi w fòk ou menm ou gen yon pozisyon. Tankou Zanmi w lan eske li gen yon limyè nan li? Paske de je w se limyè kò w. Si non li ka zanmi w men w, paka zanmi l.
Se pa yon kesyon w ap pran pòz, ni tou pa okipe moun k ap di w zanmi pa gate zanmi. Mwen konn se sa y ap toujou di w, men yo pa konnen aprè senkan (5 ane) w ap fè ap viv ak zanmi w lan si w pa ka chanje l, li menm lap chanje w.
M pa vi n di w gate zanmitay ou non, men map di w eseye wè koman ou ka chanje tèt ou dabò pou ka yon modèl pou zanmi w lan. Si l pa janm ka ofri yon ti limyè nan fènwa w ebyen li pa ka zanmi w.
Tout moun ta dwe zanmi w men, tout moun pa ka zanmi w.
A. Georbens / Jby ✍🏾
#J&L/La relève📚
#Tikoze Limyè💡
Whawww freo mw vreman renmenl wi e li se yon bèl exzanp pou moun kp fè zanmi
RépondreEffacerFelicitation
RépondreEffacerSa bon uii
RépondreEffacer